Skip to main content

Enstriksyon ak Modèl Fòm pou Fè yon Kontestasyon pou Moun ki Fè Petisyon ki pa Gen Reprezantasyon yon Avoka (Instructions and Sample Forms for Filing an Appeal for Petitioners not Represented by an Attorney - Haitian Creole)

NÒT: Enstriksyon sa yo la sèlman pou sèvi kòm yon èd siplemantè pou moun ki fè petisyon ki pa gen reprezantasyon yon avoka. W ap jwenn ansanm konplè règ pwosedi yo nan règleman Manm Komisyon Edikasyon an (Pati 275, 276 AK 277). Nou ankouraje tout moun ki fè petisyon yo pou yo konsilte avèk avoka yo anvan yo fè yon kontestasyon. Pwosedi espesyal aplike pou kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri (Enfòmasyon sou fason pou fè yon kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri). Pwosedi espesyal aplike pou kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo (Enfòmasyon sou fason pou fè yon kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo).

Yon kontestasyon dapre §310 se yon kontestasyon fòmèl ba Manm Komisyon Edikasyon an. Ou dwe fè li nan 30 jou apre desizyon oswa aksyon w ap konteste a. Si ou pa fè petisyon ou nan 30 jou apre aksyon an w ap konteste a, ou dwe mete nan petisyon ou rezon ki fè ou depoze papye ou yo apre dat limit lan. Answit Manm Komisyon an ap deside si ou montre "rezon valab" pou fè kontestasyon anreta.

I. GID JENERAL
  1. Moun ki fè petisyon an se moun ki prezante petisyon an epi ki verifye li (gade deskripsyon verifikasyon ki anba la a). Menmsi nenpòt moun ka ede moun ki fè petisyon an prepare petisyon an, moun ki fè petisyon an ki gen non li endike nan kontestasyon an dwe se moun ki gen relasyon paran avèk timoun nan. "Moun ki nan relasyon paran" gen ladan paran, responsab legal, moun ki gen siveyans timoun oswa moun k ap pran swen timoun nan, k ap viv avèk timoun nan oswa k ap kontwole timoun nan. Si timoun nan gen plis pase laj 18 tan, moun sa a ka se moun ki fè petisyon an.

    Si yon moun fè yon kontestasyon ki konsène pwoblèm ki pa gen pou wè ak elèv espesifik, moun ki fè petisyon an dwe se yon moun ki viktim domaj pèsonèl oswa vyolasyon dwa sivil, dwa pèsonèl oswa dwa pou pwopriyete.

  2. Anjeneral, komisyon edikasyon an (distri lekòl) oswa BOCES se moun ki reponn nan.

  3. Ou konsidere moun ki konsène yo kòm moun ki fè petisyon an (oumenm) ak moun ki reponn nan (komisyon edikasyon an, BOCES ak/oswa anplwaye yo) nan papye ou yo.

II. FASON POU PREPARE YON PETISYON
  1. Pou fè yon petisyon, men sa ou dwe bay:

    1. Yon Avi Petisyon an kòm premye paj petisyon an. (gade Fòm 1). Pou kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo, gade Avi Petisyon ki obligatwa dapre Seksyon 276.11(c)(2) (Fòm).

    2. Yon Petisyon (gade modèl petisyon an - Fòm 6).

      1. Moun ki fè petisyon an dwe siyen petisyon an. Petisyon an dwe gen non moun ki fè petisyon an, adrès postal li ak nimewo telefòn li.

      2. Petisyon an dwe verifye - Yon petisyon ki verifye se yon petisyon moun ki fè petisyon an siyen, devan yon Notè Piblik, pou detèmine moun ki fè petisyon an se moun ki fè plent lan, pou detèmine li abitye avèk done plent lan, epitou pou detèmine li kwè done yo se done ki vrè. (gade Fòm 2)

  2. Yon antèt ta dwe parèt anlè premye paj petisyon ou ak sou tout lòt fòm yo ak deklarasyon sou sèman yo. (gade modèl petisyon- Fòm 6)

    1. Ou ka vle tache deklarasyon sou sèman yo (deklarasyon ou sèmante lè ou te fè) moun ki pa moun ki fè petisyon an, pyès yo oswa lòt dokiman nan petisyon ou. Si ou fè sa, ou dwe make chak pyès (A, B, C, elatriye) epi ou dwe fè referans a yo nan petisyon an.

  3. Petisyon ou dwe:

    1. Tape nan machin-a-tape

    2. gen espas doub

    3. sou papye blan 8 1/2 x 11

    4. ou dwe endike reklamasyon ou yo nan paragraf ki kout epi ki nimewote.

      1. Chak paragraf ki nimewote dwe gen deklarasyon ki aklè ak kout pou montre pou kisa ou gen dwa pou jwenn satisfaksyon kòm yon rezilta aksyon oswa desizyon w ap konteste yo.

      2. Asire petisyon an endike yon deklarasyon aklè sou aksyon distri lekòl la w ap konteste yo.

    5. Ou dwe mete yon pwen final nan petisyon an avèk yon demann pou satisfaksyon kote w ap fè Manm Komisyon an konnen sa ou vle li egzije a (pa egzanp, sispann pratik la, bay nòt orijinal la, retounen elèv la nan lekòl la, elatriye).

    6. Si ou vle mande yon opòtinite pou ale devan Manm Komisyon an pou prezante rezònman aloral zafè a, ou dwe mete demann ou pou rezònman aloral la nan petisyon ou.

III. DEMANN POU YON SISPANSYON

Manm Komisyon an kapab anile aksyon distri lekòl la pou yon ti tan jouk lè yo pran yon desizyon sou dosye ou. Sa rele yon "sispansyon." Si ou vle mande yon sispansyon aksyon moun konsène ki opoze a pandan dosye ou devan Manm Komisyon an, ou dwe mete demann ou pou yon sispansyon nan petisyon an epitou ou dwe endike done ak rezon legal ki fè yo ta dwe akòde ou yon sispansyon. Ou dwe mete yon paragraf siplemantè nan Avi Petisyon ou. Paragraf la dwe endike:

"Tanpri sonje petisyon an gen ladan yon aplikasyon pou yon òdonans sispansyon. Yo dwe remèt deklarasyon ki pa dakò avèk aplikasyon pou yon sispansyon ba tout moun ki konsène yo epi yo dwe depoze li nan Biwo Avoka a anvan twa (3) jou ouvrab apre yo remèt petisyon an."

NÒT: Demann pou yon sispansyon ta dwe endike nan petisyon an epi yo ta dwe remèt li anmenmtan.

IV. FASON POU REMÈT PAPYE YO
  1. Nenpòt moun ka remèt papye yo depi li pa moun ki fè petisyon an epitou depi li gen plis pase laj 18 tan.

  2. Yo dwe remèt avi petisyon an, petisyon an, verifikasyon, ansanm avèk deklarasyon sou sèman yo, pyès yo ak lòt papye sipò yo apa ba chak moun ki reponn.

    1. Si ou lonmen komisyon edikasyon an (distri lekòl la) kòm moun ki reponn nan, livrezon yon kopi tout papye yo dwe fèt men-nan-men ba nenpòt nan moun ki endike anba la a:

      1. grefye distri a,

      2. nenpòt manm oswa administratè komisyon edikasyon an, oswa

      3. sipè-entandan lekòl yo oswa yon moun ki nan biwo sipè-entandan an komisyon an te desizyon pou aksepte livrezon papye yo.

    2. Si ou lonmen yon BOCES kòm moun ki reponn, livrezon yon kopi tout papye yo dwe fèt men-nan-men ba:

      1. nenpòt manm komisyon BOCES oswa

      2. sipè-entandan distri a oswa yon moun ki nan biwo sipè-entandan distri a komisyon an te desizyon pou aksepte livrezon papye yo.

      3. Si ou remèt papye yo ba yon moun yo te deziyen pou aksepte livrezon an, ou dwe endike nan deklarasyon sou sèman pou livrezon papye yo (Fòm 3) moun ki resevwa papye yo se moun yo te deziyen pou sa.

      4. Si ou pa kapab jwenn moun ki reponn nan malgre rechèch ou fè "san pran souf", ou ka remèt papye yo lè ou fè livrezon yo lakay moun nan ba yon moun "ki gen laj apwopriye ak jijman ou ant 6:00 a.m. ak 9:00 p.m.". Men, ou dwe sonje pou dekri nan deklarasyon sou sèman pou livrezon papye yo  (Fòm 3) tout efò ou fè san siksè pou remèt papye yo ba moun ki reponn nan.

      NÒT: Si ou pa kapab remèt papye yo ba moun ki reponn nan dapre mannyè ki dekri nan step 4 apre ou fè yon rechèch san pran souf, ou ka rele Biwo Avoka Depatman Edikasyon Leta, nan nimewo (518) 474-6400, pou mande pèmisyon pou fè yon lòt fòm livrezon papye yo.

      1. Ou ka remèt tout lòt papye yo pa lapòs oswa pèsonèlman ba avoka moun ki reponn nan.

V. FASYON POU FÈ PETISYON AN AK FRÈ DEPO A
  1. Nan 5 jou apre ou remèt petisyon ou ba moun ki reponn nan, ou dwe voye petisyon orijinal verifye a ak yon deklarasyon sou sèman pou prèv livrezon papye yo (Fòm 3) pou deklarasyon sou sèman pou livrezon papye yo apa) nan Biwo Avoka a, Education Building, Room 148 EB, Albany, New York 12234.

  2. Ou dwe voye yon chèk pou $20 dola ki ekri sou non State Education Department ansanm avèk petisyon an. Nou ka anile frè depo a selon jijman Manm Komisyon an si moun ki fè petisyon an fè yon demann pou sa nan yon deklarasyon sou sèman (Fòm 4).

VI. RESEPSYON REPONS
  1. Ven jou apre ou remèt petisyon ou, moun ki reponn nan dwe ba ou yon repons verifye. Li dwe voye repons lan ba ou pa lapòs.

  2. Si ou te mande yon sispansyon nan petisyon an, moun ki reponn nan dwe reponn pati petisyon an. Pou fè sa, li dwe bay yon "deklarasyon sou sèman pou opoze demann lan" anvan twa (3) jou apre livrezon petisyon an. Apre sa, moun ki reponn nan dwe reponn rès petisyon an nan ven (20) jou jan sa endike anwo a.

VII. REPLIK
  1. Ou ka bay replik pou nenpòt defans afimatif oswa nouvo dokiman distri a konfime, nan 10 jou apre ou bay repons lan. (Si ou te resevwa repons lan pa lapòs, ou gen 14 jou apre dat ki endike sou so lapòs pou bay yon replik.)

  2. Replik ou dwe verifye tou (gade Fòm 2).

  3. Yon moun ki pa oumenm epi ki gen plis pase laj 18 tan dwe remèt yon kopi replik la ba avoka moun ki reponn nan. Answit, moun sa a dwe ranpli deklarasyon sou sèman pou livrezon an. (Fòm 5 fèt pou ranpli si ou voye replik ou pa lapòs; Fòm 7 Fòm 7 la fèt pou ranpli si ou remèt replik ou nan sèvis livrezon eksprès prive; Fòm 3 si ou remèt li pèsonèlman).

  4. 4. Voye kopi orijinal siyen replik verifye ou ba Manm Komisyon an ansanm avèk deklarasyon sou sèman pou livrezon an nan 5 jou apre ou te remèt replik la ba moun konsène ki opoze a.

Si ou bezwen lòt èd, tanpri rele Kowòdonatè Kontestasyon yo, nan nimewo (518) 474-6400.

LIS TOUT DOKIMAN POU BAY
  1. RANPLI FÒM KI ENDIKE ANBA LA YO:

    1. ____ Avi Petisyon an (Fòm 1) - Mete avi demann sispansyon an si li nesesè. (gade Enstriksyon Pati III ).

    2. ____ Petisyon (modèl, Fòm 6) - Mete tout deklarasyon sou sèman, pyès, dokiman sipò, elatriye. Mete yon demann pou yon sispansyon si ou bezwen yon desizyon pwovizwa.

    3. ____ Verifikasyon (Fòm 2)

  2. REMÈT PAPYE YO:
    1. ____ Bay yon kopi tout dokiman ki endike anwo a ba moun apwopriye a (gade  Pati IV-2 Enstriksyon yo).

    2. ____ Sonje moun ki fè petisyon an kapab remèt papye yo, epi moun k ap remèt papye yo dwe gen plis pase laj 18 tan.

    3. ____ Moun k ap remèt papye yo dwe ranpli deklarasyon sou sèman pou livrezon pèsonèl la Fòm 3).

  3. DEPOZE PAPYE YO NAN BIWO MANM KOMISYON AN:
    1. ____ Depoze papye orijinal siyen yo ak deklarasyon sou sèman pou livrezon papye yo ak frè depo $20 dola oswa deklarasyon sou sèman pou anilasyon frè a (Fòm 4) nan biwo Manm Komisyon an nan 5 jou apre ou remèt kopi tout papye yo ba moun apwopriye a.

  4. BAY REPONS POU MANM KOMISYON AN::
    1. ____ Sizoka repons ou resevwa nan men moun ki reponn nan endike nouvo pwoblèm ki pa t endike anvan, prepare yon replik verifye ki tape pou bay repons sèlman pou nouvo pwoblèm yo. Ou dwe remèt replik sa a ba avoka moun ki reponn nan epi ou ka voye li pa lapòs.
    2. ____ Moun ki te remèt replik la dwe ranpli deklarasyon sou sèman pou livrezon an
      (Fòm 3Fòm 5, oswa Fòm 7 selon metòd livrezon ou). Voye replik ou ba Manm Komisyon an ansanm avèk deklarasyon sou sèman pou livrezon an.

TANPRI SONJE FÒM NOU BAY YO LA SÈLMAN POU SÈVI KÒM YON GID. POUTÈT SA, L AP NESESÈ POU PREPARE YON PETISYON EPI POU BAY AVI PETISYON ORIJINAL YO, VERIFIKASYON YO, ELATRIYE, AVÈK ENFÒMASYON APWOPRIYE KI ENDIKE LADAN.