Skip to main content

Kontestasyon ba Manm Komisyon an (Appeals to the Commissioner - Haitian Creole)

(Dapre Lwa sou Edikasyon §§ 310 ak 306)

Lwa §310 sou Edikasyon prevwa moun ki konsidere tèt yo kòm moun ki pa kontan avèk yon aksyon yo pran nan reyinyon yon distri lekòl oswa nan yon aksyon otorite lekòl pran ka fè yon kontestasyon ba Manm Komisyon Edikasyon pou yon revizyon aksyon an. Answit, Lwa §306 sou Edikasyon pèmèt Manm Komisyon Edikasyon an retire yon administratè, yon manm komisyon edikasyon an, ak sèten lòt fonksyonè lekòl pou move konduit oswa neglijans volontè nan responsablite yo.

Pwosedi pou prezante ak defann kontestasyon sa yo epi pou fè pwosedi pou retire ofisyèl lekòl nan fonksyon yo endike nan règleman Manm Komisyon Edikasyon an. Pwosedi espesyal aplike pou kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri (Enfòmasyon sou fason pou fè yon kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri). Apati 21 desanm 2010, pwosedi espesyal aplike pou kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo (Enfòmasyon sou fason pou fè yon kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo).