Skip to main content

Kesyon Moun Poze Souvan Konsènan Kontestasyon ki Fèt ba Manm Komisyon Edikasyon an (Frequently Asked Questions Concerning Appeals to the Commissioner of Education - Haitian Creole)

1. Kijan pou mwen fè yon kontestasyon?

Lwa §310 sou Edikasyon ak Règleman Manm Komisyon Edikasyon an nan 8 NYCRR Pati 275 et seq. ("règleman" yo) detèmine pratik pou yo swiv nan kòmansman yon kontestasyon. Gade tou Enstriksyon yo ak Fòm pou Fè yon Kontestasyon. Si ou gen kesyon sitwèb sa a pa reponn, ou ka rele nimewo (518)474-6400.

2. Èske kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri detèmine nan Pati 275 ak 276 règleman Manm Komisyon an?

Sèten seksyon Pati 275 ak 276 règleman Manm Komisyon an gen kèk dispozisyon espesyal ak fòm pou kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun sanzabri.  Sitwèb sa a bay yon rezime dispozisyon ak fòm sa yo ou kapab enprime ak ranpli, epitou li bay enfòmasyon sou wòl lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri nan pwosesis kontestasyon yo (Kontestasyon devan Manm Komisyon ki Konsène Timoun ak Jèn Moun ki Sanzabri).  Kote règleman yo pa bay dispozisyon espesyal pou kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri, moun ki fè petisyon yo ta dwe swiv enstriksyon jeneral pou apèl yo fè yo dapre Lwa sou Edikasyon § 310.

3. Èske kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo detèmine nan Pati 275 ak 276 règleman Manm Komisyon an?

Sèten seksyon Pati 275 ak 276 règleman Manm Komisyon an gen kèk dispozisyon espesyal ak fòm pou kontestasyon ki konsènan enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo. Sitwèb sa a bay yon rezime dispozisyon sa yo, lòt kesyon ak repons, ak fòm Avi Petisyon espesyal ki obligatwa nan kontestasyon sa yo. (Kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo).  Kote règleman yo pa bay dispozisyon espesyal pou kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo, moun ki fè petisyon yo ta dwe swiv enstriksyon jeneral pou apèl yo fè yo dapre Lwa sou Edikasyon § 310.

4. Èske mwen kapab prezante yon pwosè nan tribinal si mwen gen yon doleyans kont yon distri lekòl, oswa èske mwen dwe fè kontestasyon an anvan ba Manm Komisyon an?

Nan pifò ka yo, avèk sèten eksepsyon limite (pa egzanp, konfli sou chwa lekòl, pwosedi pou mete elèv deyò dapre §306, ou gen chwa pou kòmanse yon pwosedi nan tribinal alaplas yon kontestasyon ba Manm Komisyon an.

5. Èske mwen bezwen pran yon avoka pou vini nan yon kontestasyon?

Non. Men, gen avantaj nan reprezantasyon yon avoka. Pwosesis kontestasyon an se yon pwosedi legal ki endike kesyon legal yo ka pi byen konprann ak abòde avèk èd yon avoka.

6. Èske gen yon dèle sou kilè mwen kapab fè yon kontestasyon?

 Wi. Ou dwe sèvi papye ou yo (gade règleman ki nan referans anwo a pou jwenn règ sou sèvis kòrèk) anvan trant (30) jou apre aksyon yo fè aksyon w ap konteste a. Pa egzanp, si w ap konteste yon desizyon komisyon an edikasyon te pran pou sispann pitit ou, ou dwe fè petisyon an anvan 30 jou detèminasyon komisyon an pou sispann pitit ou. Anjeneral, Manm Komisyon an ap anile kontestasyon moun prezante nan plis pase 30 jou apre.

7. Èske Manm Komisyon an ap janm aksepte yon kontestasyon ki anreta?

Règ sou dèle a sevè anpil. Nan anpil milye desizyon yo pran pandan anpil ane, Manm Komisyon an aksepte reta yo raman. Si yon moun ki fè petisyon pa t konnen disponiblite pwosesis kontestasyon an oswa si li pa t konprann li, sa pa reprezante yon eskiz legal pou li fè yon petisyon anreta. Answit, ni maladi ni enposiblite pou jwenn dokiman ki nesesè pou kòmanse yon kontestasyon pa reprezante yon eskiz legal pou fè yon petisyon anreta. Finalman, diskisyon oswa efò k ap kontinye pou rezoud konfli ant yon moun ki fè petisyon ak yon distri lekòl pa pwolonje tan pou fè yon kontestasyon. Yon moun ki fè petisyon k ap eseye fè yon kontestasyon apre peryòd tan 30 jou a dwe endike rezon poutèt li pa fè petisyon an alè.

8. Kisa mwen dwe pwouve pou mwen genyen nan yon kontestasyon epi pou mwen jwenn satisfaksyon mwen te mande Manm Komisyon an?

Responsablite pou pwouve yon dosye se sou ou antan moun ki fè petisyon an. Ou dwe montre avèk prèv dokiman, pwosedi alekri ki verifye (sèmante pou sa kòm pwosedi ki kòrèk ak egzat) ak deklarasyon sou sèman ki endike ou viktim dirèkteman nan aksyon distri a. Ou dwe montre moun ki reponn nan (anjeneral distri lekòl la) swa (1) te vyole yon lwa oswa yon règleman; oswa (2) te aji yon fason enjis ak iregilye.

9. Kijan pou mwen montre distri a te aji yon fason enjis ak iregilye?

Pou montre aksyon enjis ak iregilye yo, yon moun ki fè petisyon an dwe pwouve aksyon distri a pa t gen okenn baz rasyonèl oswa rezonab. Li pa ase pou montre distri a te kapab fè yon pi bon detèminasyon oswa yon detèminasyon diferan, oswa oumenm antan yon moun ki fè petisyon an pa t dakò avèk aksyon oswa detèminasyon w ap konteste a. Ou dwe montre pito aksyon distri a pa gen sipò oswa eksplikasyon rasyonèl ak rezonab.

10. Èske Manm Komisyon an ap anile desizyon/aksyon yon distri pou akòde petisyon mwen si li kwè distri a te kapab aji yon fason diferan?

Non. Manm Komisyon an ap bay bon jan diferans pou desizyon ofisyèl lokal yo pran. Menmsi Manm Komisyon an te ka deside sou zafè a yon fason diferan poukont li, li p ap ranplase jijman distri a poukont li sof si, apre yon revizyon tout dosye a, li pa kapab jwenn baz rasyonèl ak rezonab pou aksyon distri a.

11. Si moun ki reponn nan pa soumèt yon repons ki verifye, èske y ap akòde kontestasyon mwen an otomatikman?

Non. Si yon moun ki reponn pa bay repons, y ap konsidere deklarasyon ki endike nan petisyon an kòm deklarasyon ki vrè. Men, deklarasyon yo ak prèv yo, dwe toujou detèmine moun ki fè petisyon an gen dwa legal pou satisfaksyon li mande a.

12. Kisa Manm Komisyon an ap konsidere lè l ap fè yon detèminasyon?

Manm Komisyon an ap konsidere sèlman dokiman yo soumèt kòrèkteman nan pati dosye a devan li (sètadi, pwosedi alekri ki verifye, deklarasyon sou sèman, oswa rapò oswa dosye Depatman Edikasyon Leta). Manm Komisyon an p ap konsidere done ki pa nan dosye a (sètadi, enfòmasyon yo bay pa telefòn pou Depatman an, kopi atik jounal, oswa deklarasyon aloral ki pa fè pati dosye a dapre deklarasyon sou sèman an).

13. Èske gen nenpòt fason pou prevwa kijan Manm Komisyon an pral deside sou petisyon mwen?

Desizyon Manm Komisyon an pran yo baze sou lalwa. Lalwa endike nan lwa jeneral yo ak règleman yo, epi entèpretasyon lwa a endike nan desizyon Manm Komisyon an te pran anvan yo. Nou ankouraje moun ki fè petisyon yo pou yo revize desizyon yo, ki bay oryantasyon sou fason Manm Komisyon an ta ka deside nan yon ka sanblab dapre done sanblab yo. Pa egzanp, desizyon yo montre Manm Komisyon an raman, si se pa jamè, anile yon detèminasyon distri a sou: plasman arè yon otobis; konfigirasyon zòn prezans yo; kalkil nòt yon elèv; oswa refi pou yon demann sèvis transpò. Gade tou kesyon nimewo 8 ak 9 ki endike anwo a. Yo rapòte desizyon Manm Komisyon Edikasyon ant mwa avril 1958 jiska mwa jwen 2010 ofisyèlman epi yo endekse yo nan Rapò Depatman Edikasyon, Nimewo 1-49, ki ka disponib nan bibliyotèk lokal ou. Desizyon ki pa korije epi ki pa endekse ant mwa jiyè 1991 jiska prezan disponib sou sitwèb sa a nan Desizyon Manm Komisyon Edikasyon.

14. Èske gen kèk doleyans Manm Komisyon an p ap pran desizyon sou yo?

Wi, Manm Komisyon an p ap deside sou sèten konfli. Pa egzanp, Manm Komisyon an pa gen otorite pou deside sou vyolasyon yo sipoze ki fèt nan Lwa sou Reyinyon Lib oswa Lwa sou Libète Enfòmasyon. Poutèt sa, Manm Komisyon an p ap deside sou reklamasyon ki endike yon distri lekòl pa t òganize yon reyinyon lib oswa li te mal bay refi pou yon demann dokiman. Ou dwe prezante reklamasyon sa yo devan yon tribinal pito. Answit, Manm Komisyon an pa gen otorite pou bay dedomajman lajan.

15. Lè mwen fè yon petisyon, kilè mwen kapab espere yon desizyon?

Yon petisyon pa pare pou ekip legal Manm Komisyon an revize li jouk lè tout papye ki nan dosye a (repons, replik ak sesyon enfòmasyon) ranpli. Règleman yo detèmine dèle pou ranpli dokiman sa yo. Akòz dèle sa yo, yon dosye pa konplè ditou jouk apeprè nan uit (8) semèn apre yo fè premye petisyon an. Peryòd tan sa a ka menm pi long, si moun ki konsène yo mande epi resevwa pwolongasyon tan pou sèvis la nan men ekip Manm Komisyon an. Lè dosye a konplè, n ap anvizaje pran yon desizyon nan sis (6) a uit (8) mwa (sètadi, uit a dis mwa apre ou fè petisyon an). Men, moun fè anpil santèn kontestasyon chak ane, poutèt sa li pa posib pou nou garanti yon dat espesyal.

16. Èske mwen kapab telefòne oswa ekri Depatman an pou mwen konnen sitiyasyon kontestasyon mwen oswa pou mwen konnen kilè yo pral pran yon desizyon?

Menm jan yon tribinal ki gen yon dosye ki annatant devan yon jij, Depatman ak Manm Komisyon an pa bay enfòmasyon sou pwosesis pou pran desizyon oswa sou sitiyasyon yon desizyon lè ou fè petisyon an. Men, n ap fè tout efò posib pou pran yon desizyon sou chak kontestasyon nan yon mannyè ki rapid otank posib. Tanpri pran pasyans epi rekonèt tan nou pran pou reponn demann yo sou sitiyasyon kontestasyon an te tan nou retire nan pwosesis pou nou pran desizyon an.

17. Èske mwen kapab mande satisfaksyon pwovizwa pandan kontestasyon mwen annatant?

Sof pou kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak itilizasyon plan bilding yo (gade Kesyon 3), yon moun ki fè yon petisyon ka mande yon òdonans sispansyon. Tanpri ale nan Pati 276 règleman Manm Komisyon an. Manm Komisyon an, selon desizyon an, ap detèmine si li ta dwe bay oswa pa bay yon òdonans sispansyon.

18. Si mwen mande yon òdonans sispansyon, kilè m ap resevwa yon desizyon sou demann mwen?

Si yon moun ki reponn pa dakò avèk yon sispansyon, moun ki reponn nan dwe bay epi depoze deklarasyon sou sèman yo ki kont demann lan nan twa (3) jou ouvrab apre nou resevwa petisyon an. Anjeneral, Manm Komisyon an pran yon desizyon sou demann sispansyon an nan anpil jou apre li resevwa papye opozisyon moun ki reponn nan. Yo akòde sispansyon yo nan sikonstans ekstrawòdinè.

19. Si moun ki reponn nan pa kont sispansyon mwen, èske y ap akòde demann mwen otomatikman?

Non. Manm Komisyon an ap toujou revize petisyon an pou detèmine si moun ki fè petisyon an ka gen siksè selon merit epitou l ap detèmine si moun ki fè petisyon an ap anba domaj ireparab nan absans yon sispansyon.

20. Kilè Manm Komisyon an ap retire yon manm komisyon edikasyon nan fonksyon?

Manm Komisyon an gen pouvwa pou retire yon administratè, yon manm komisyon edikasyon an, ak sèten lòt fonksyonè lekòl pou move konduit oswa neglijans volontè nan responsablite yo. Men, Manm Komisyon an p ap retire yon fonksyonè distri sof si yo detèmine aklè fonksyonè a te aji avèk entansyon li epi avèk yon move objektif pou (1) vyole lalwa, (2) neglije responsablite li, oswa (3) dezobeyi yon desizyon, yon lòd oswa yon règleman Manm Komisyon an. Manm Komisyon an p ap retire yon fonksyonè lekòl nan fonksyon si li te sèlman itilize move jijman.

21. Èske m ap itilize menm fòm yo pou ranpli yon aplikasyon pou retire yon fonksyonè menm jan mwen fè pou yon kontestasyon?

Anjeneral, fòm yo menm. Men, avi pou retire yon fonksyonè lekòl se yon avi ki diferan. Answit, petisyon an dwe endike aklè vyolasyon volontè ou akize fonksyonè a fè ak done ki montre yon vyolasyon volontè. Tanpri ale nan Pati 277 règleman Manm Komisyon an.