Skip to main content

Enstriksyon ak Rezime dispozisyon Pati 275 ak 276 règleman Manm Komisyon ki gen pou wè ak kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri SÈLMAN. (Instructions and Summary of the provisions of Parts 275 and 276 of the Commissioner’s regulations per

Tanpri sonje: Kote règleman yo pa bay dispozisyon espesyal pou kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri, moun ki fè petisyon yo ta dwe swiv dispozisyon jeneral nan Pati 275 ak 276 pou kontestasyon yo fè yo dapre Lwa §310 sou Edikasyon. Pa egzanp, §275.16 egzije pou yo fè kontestasyon yo nan 30 jou apre desizyon oswa aksyon y ap konteste a. Sa aplike pou tout kontestasyon yo, ansanm ak sa ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri yo. (Retounen nan Lwa sou Edikasyon ak Règleman Manm Komisyon an Konsènan Kontestasyon yo ak Lòt Pwosedi Devan Manm Komisyon an  pou jwenn tèks konplè règleman yo.)

Pwosedi alekri.
§ 275.3(d): Si yon moun ki fè petisyon soumèt fòm petisyon an pou kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri, li dwe fasil pou li men li pa bezwen tape li nan machin-a-tape.

Non moun ki konsène yo ak avoka ki dwe apwouve sou tout papye yo..
§ 275.4(b): Moun ki fè petisyon an ka apwouve tout pwosedi alekri yo ak papye yo soumèt ba Manm Komisyon an ki gen non, adrès biwo lapòs ak nimewo telefòn lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri.

Verifikasyon. 
§ 275.5(b): Paran oswa responsab legal yon timoun oswa yon jèn moun ki sanzabri oswa yon jèn moun ki pa akonpaye, alaplas verifikasyon sou sèman, ka gen nan chak pwosedi alekri yon deklarasyon siyen ki endike dapre enfòmasyon li ak enfòmasyon li yo ak dapre sa li kwè, enfòmasyon ki nan pwosedi alekri a se enfòmasyon ki vrè ak yon rekonesans ki endike li rekonèt, dapre Lwa Penal §175.30, si yon moun fè espere pou bay fo dokiman pou yon aplikasyon devan yon ofisyèl piblik oswa yon fonksyonè piblik, lajistis ap kondane moun sa a poutèt li Ba yon Fo Dokiman pou Aplikasyon an nan yon Deli Klas A, 2yèm Degre.

 

Sèman. 
§ 275.7(b): Deklarasyon siyen paran oswa responsab legal yon timoun oswa yon jèn moun ki sanzabri oswa yon jèn moun ki pa akonpaye, endike enfòmasyon ki nan petisyon li a oswa nan lòt pwosedi alekri se enfòmasyon ki vrè dapre tout sa li konnen ak yon rekonesans ki endike li konnen, dapre Lwa Penal §175.30, si yon moun fè espre pou bay yon fo dokiman pou aplikasyon devan yon ofisyèl piblik oswa yon fonksyonèl piblik, lajistis ap kondane moun sa a poutèt li Bay yon Fo Dokiman pou Aplikasyon an, nan yon Deli Klas A, 2yèm Degre, ka sèvi oswa klase nan kontestasyon an alaplas yon deklarasyon sou sèman epi avèk men fòs ak efè yon deklarasyon sou sèman.

Livrezon pwosedi alekri ak papye sipò. 
§ 275.8(e): Livrezon pwosedi alekri ak papye sipò nan kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri ka fèt pou yon distri lekòl, anplwaye distri lekòl ak/oswa fonksyonè distri lekòl ki endike kòm yon moun ki reponn ki konsène lè yo fè livrezon yon kopi pwosedi alekri yo ak papye sipò a ba lyezon ajans edikasyonèl lokal distri lekòl la pou timoun ak jèn moun ki sanzabri, ki dwe swa aksepte livrezon pwosedi alekri yo ak papye sipò yo sou non distri lekòl, anplwaye distri lekòl ak/oswa fonksyonè distri lekòl ki endike a, oswa pou bay livrezon an pa lapòs.

Aplikasyon ak frè. 
§ 275.9(b): Nan senk (5) jou apre yo resevwa epi aksepte livrezon nenpòt pwosedi alekri ak papye sipò moun ki fè petisyon an, lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri, dwe transmèt orijinal la ba Depatman Edikasyon Leta, ansanm avèk yon deklarasyon sou sèman lyezon ajans edikasyonèl la ki pwouve li te swa aksepte livrezon pwosedi alekri a sou non moun opoze ki konsène oswa li te fè livrezon pwosedi alekri a pa lapòs ba moun opoze ki konsène a. Deklarasyon sou sèman yo fè livrezon an dwe sou fòm yo prevwa a, epitou li dwe endike non pèsonaj ofisyèl moun nan yo te fè livrezon an.

§275.9(c): Okenn frè pa obligatwa nan kontestasyon ki konsène aksè yon timoun oswa yon jèn moun sanzabri nan yon edikasyon piblik gratis ak apwopriye.

Livrezon repons ak papye sipò yo. 
§ 275.13(c): Si moun ki fè petisyon an chwazi sa, moun ki reponn dwe resevwa repons lan sou lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri, ansanm avèk tout deklarasyon sou sèman, pyès ak lòt papye sipò moun ki reponn nan, sof yon memorandòm lalwa. Nan ka sa a, lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri dwe voye avi ba moun ki fè petisyon an pou fè konnen li resevwa repons lan, ansanm avèk tout deklarasyon sou sèman, pyès ak lòt papye sipò moun ki reponn nan depi li fè livrezon dokiman sa yo ba moun ki fè petisyon an nan dènye adrès yo konnen pou moun ki fè petisyon an nan mannyè ki endike nan §275.8(b) oswa, sou demann moun ki fè petisyon an, lè yo mete kopi dokiman sa yo disponib gratis pou moun ki fè petisyon an.

 

Replik. 
§ 275.14(b): Moun ki fè petisyon an dwe bay replik pou chak defans afimatif ki endike nan yon repons. Yo dwe fè livrezon replik la, ansanm avèk nenpòt deklarasyon sou sèman ki dwe la sèlman pou kore replik la, nan mannyè ki endike nan swa §275.8(b) oswa nan (e).

Pwolongasyon tan pou bay repons oswa replik. 
§ 276.3(b): Moun ki fè petisyon an ka chwazi pou bay avi aplikasyon an pou yon pwolongasyon tan pou bay replik pou yon repons pou tout moun ki konsène lè li bay aplikasyon an nan lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri. Lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri dwe voye aplikasyon an pa lapòs ba tout moun opoze ki konsène ak ba Depatman Edikasyon Leta. Aplikasyon an dwe fèt alekri, li dwe gen tenm ki date pa pi ta pase senk (5) jou anvan dat lè pou bay replik la ekspire, epi li dwe endike rezon pou demann lan okonplè.

Memorandòm lalwa. 
§ 276.4(b):  Yo ka fè livrezon memorandòm lalwa nan mannyè ki endike nan swa §275.8 (b) oswa (e) règleman Manm Komisyon an.

Lòt deklarasyon sou sèman, pyès ak lòt papye sipò. 
§ 276.5(b): Yo ka fè livrezon deklarasyon sou sèman, pyès ak lòt dokiman sipò dapre swa §275.8(b) oswa (e) or §275.13(b) règleman Manm Komisyon an

Desizyon pou yo klase. 
§ 276.7(b): Depatman Edikasyon Leta ap voye yon kopi desizyon Manm Komisyon an ba lyezon ajans edikasyon lokal pou timoun ak jèn moun ki sanzabri.

Re-ouvèti yon desizyon yo te pran anvan. 
§ 276.8(e): Yo ka fè livrezon yon aplikasyon pou re-louvri yon desizyon nan mannyè ki endike nan swa §275.8(b) oswa nan (e) règleman Manm Komisyon an. Yo dwe fè livrezon deklarasyon sou sèman ki opoze aplikasyon pou re-louvri dapre dispozisyon swa §275.8(b) oswa (e) oswa §275.13(b).