Skip to main content

Enfòmasyon Jeneral (General Information - Haitian Creole)

Lwa §310 sou Edikasyon prevwa moun ki konsidere tèt yo kòm moun ki pa kontan avèk yon aksyon yo pran nan reyinyon yon distri lekòl oswa nan yon aksyon otorite lekòl pran ka fè yon kontestasyon ba Manm Komisyon Edikasyon pou yon revizyon aksyon an. Ou dwe fè yon kontestasyon dapre §310 nan 30 jou apre desizyon oswa aksyon w ap konteste a, sof si Manm Komisyon an aksepte eskiz pou reta a pou rezon valab ki endike nan petisyon an.

Answit, Lwa §306 sou Edikasyon pèmèt Manm Komisyon Edikasyon an retire yon administratè, yon manm komisyon edikasyon an, ak sèten lòt fonksyonè lekòl pou move konduit oswa neglijans volontè nan responsablite yo. Ou dwe fè yon aplikasyon pou retire yon fonksyonè nan 30 jou apre desizyon an oswa aksyon w ap konteste a, epi aplikasyon an dwe gen prèv ki montre sa moun nan fè ki pa bon avèk volonte ak entansyon li.

Responsablite prèv nan yon kontestasyon ou fè ba Manm Komisyon an se pou moun ki prezante petisyon an, sètadi moun ki fè petisyon an. Moun ki fè petisyon an gen responsablite pou montre yon dwa legal aklè pou jwenn satisfaksyon li mande a epi responsablite pou detèmine tout done l ap chèche solisyon an. Sa ka fèt avèk soumisyon deklarasyon sou sèman, pyès oswa lòt prèv. Senp akizasyon, sipozisyon, teyori oswa konklizyon, san prèv reyèl pa ase.

Manm Komisyon Edikasyon an pibliye règleman ki detèmine pratik pou yo swiv nan kontestasyon sa yo. Ou jwenn règleman sa yo nan Pati 275, 276 ak 277 Règleman Manm Komisyon an.

Answit, Biwo Avoka a prepare enstriksyon jeneral ak modèl fòm, ak yon seri kesyon ak repons pou fè yon kontestasyon pou moun ki fè petisyon ki pa gen reprezantasyon yon avoka. Tanpri sonje enstriksyon ak fòm yo la sèlman pou sèvi kòm yon gid. Nou ankouraje moun ki fè petisyon yo pou yo konsilte avoka yo anvan yo fè yon kontestasyon ba Manm Komisyon Edikasyon an.

Pwosedi espesyal aplike pou kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri (Enfòmasyon sou fason pou fè yon kontestasyon ki konsène timoun ak jèn moun ki sanzabri). Pwosedi espesyal aplike pou kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo (Enfòmasyon sou fason pou fè yon kontestasyon ki konsène enstalasyon/ko-enstalasyon lekòl endepandan Vil New York ak plan itilizasyon bilding yo).

Yo pibliye tout desizyon Manm Komisyon an pran. Yo rapòte desizyon Manm Komisyon Edikasyon ant mwa avril 1958 jiska mwa jwen 2010 ofisyèlman epi yo endekse yo nan Rapò Depatman Edikasyon, Nimewo 1-49, ki ka disponib nan bibliyotèk lokal ou. Desizyon ki pa korije epi ki pa endekse ant mwa jiyè 1991 jiska prezan pibliye sou sitwèb sa a nan Desizyon Manm Komisyon Edikasyon. Anvan moun ki fè petisyon yo fè yon kontestasyon, nou ankouraje yo pou yo revize desizyon ki gen done ki sanble avèk dosye yo. Desizyon sa yo detèmine jirispridans k ap sèvi pou yo pran desizyon sou fiti dosye yo